PARACHAT HA’MAN
CHAPIT LAMAN
Tradwi Pa Lenord
Tout Moun ki Resite Chapit Laman Nan Chak Jou Pral Gen Asirans ke Manje li Ak Mwayen Li Pou l Viv Pap Jam Manke. Soti Nan Syèl la Yap Voye Bay Li Sa Li Bezwen Pou Li Ka Viv.
LEKTI PARASHAT HA'MAN
KISA NOU TE YE POU NOU KA BOUGONNEN KONT NOU
ZÒTOLAN YO AK LAMAN NAN - LETÈNÈL BAY VYANN POU TOUT KOMINOTE A
27 Men, jou Shabat la (Setyèm jou a), te gen kèk nan moun yo ki te soti pou yal ranmase men yo pa te jwenn anyen. 28 Lè sa a, Letènèl te di bay Moyiz akoz moun sa yo: - Kilè w'ap refize obeyi kòmandman mwen yo ak lalwa mwen yo?
29 Gade, Letènèl te ban nou Shabat la (Samdi jou repo a). Se poutèt sa, nan sizyèm jou a (Vandredi), li ba nou pen pou de jou. Se pou sa ke chak moun dwe rete nan plas li, epi pa kite pesonn kite plas li pandan Shabat la (Setyèm jou a)." 30 Epi pèp la te vin repoze jou Shabat (Ki Samdi Setyèm jou a).
31 Moun pèp Izrayèl yo te rele manje sa a 'Laman. epi li te tankou grenn koryandè, blan, e li te gen gou tankou flak ak siwo myèl. 32 Moyiz di: -Men sa Letènèl a te bay lòd pou nou ka kenbe de lit Laman pou tout jenerasyon yo, pou moun yo ka wè pen mwen te ba yo pou yo manje nan dezè a, lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip la." 33 Moyiz di Aaron konsa: - Pran yon krich, mete de lit Laman ladan l', mete l' devan Letènèl pou kenbe l' pou tout jenerasyon yo. 34 Menm jan Letènèl te bay Moyiz lòd, Aaron te mete l' devan larch Temwayaj la pou yo te ka kenbe l' pou tout jenerasyon yo.
35 Izrayelit yo te manje Laman nan pandan karantan, jouk yo te rive nan peyi kote moun yo ta pral viv la. Yo te manje Laman an jiskaske yo rive sou fwontyè peyi Kana’an an. 36 Yon Omè (se 2.2 lit) se yon dizyèm nan yon efa (22 lit) li ye.
No comments:
Post a Comment