Chak Rosh Hodesh [Jou Lalin Nouvel la] ap pote desann jwenn nou, yon enèji inik nouvo ak Kabalistic (Sekrè ak Supènatirèl).
Pa Noson Gurary
"Epi nan jounen yo lè nou gen kè kontan, ak nan jounen fèt yo, ak nan jounen nouvèl Lalin ..." (Num. 10:10)
Kisa ki rele Rosh Hodèch? Se premye jou nan mwa linè a, sa vle di literalman "Tèt mwa a" nan lang ebre, nou pap rele l’ "kòmansman mwa a", paske menm jan tèt la gen fòs lavi a pou tout branch ko a, se konsa tou ak premye Jou nan chak mwa, kap reprezante nan fason espirityèl fòs lavi a pou tout rès mwa a.
Dezyèm bagay nan non Hodèch la, se ke nap jwenn yon rapò ak mo "Hadach, ki vle di "nouvo". An tèm senp, lap fè referans a yon renouvèlman Lalin lan, yon nesans nouvo pou Lalin lan. Nan sous Kabbalistic yo (Sekrè ak Supènatirèl), sepandan, li eksplike ke chak Rosh Hodech ap pote bannou yon nouvèl enèji espirityèl ak supernatirèl, yon enèji ki pa t janm briye anvan nan tout tan. Nouvèl enèji Kabbalistic sa a ap soti nan yon revelasyon konplètman nouvo ki pran plas nan Chak Rosh HaShana (Nouvèl ane a) ak ki divize ant douz mwa nan ane a. Se konsa chak Rosh Hodech fè briye enèji patikilyèman nouvo inik pou chak mwa.
Renouvèlman Lalin nan li menm, gen yon dimansyon kabbalistic pou tèt li. Lalin nan ap koresponn ak Sefira Malhout ki yon emanasyon ki pa gen okenn limyè pwòp pa li; menm jan Lalin nan ap klere ak limyè ki reflete soti nan solèy la. Se menm jan tou, nan fasèt espirityèl limyè Malhout la, se sèlman sa lap resevwa nan reflè lot Sefirot yo (lot emanasyon enèjetic supènatirèl yo) ki sitye anwo li. Menm jan Lalin lan vin pi piti ak pi piti jiskaske li pa vizib imedyatman anvan reaparèt, se menm jan tou Malhout ap resevwa limyè li soti nan lot emanasyon pi wo yo.
Emanasyon Malhout (Wayom lan) ap anile tèt li, lap siprime gwo dezi li pou li ka resevwa limyè ki soti nan lot emanasyon yo ki rele Sefirot. Nan menm fason sa a tou, moun Jwif yo (ki toujou konpare ak Lalin lan) yo ka vin yon veso pou resevwa limyè (enèji) Bondye a lè yo anile pwòp tèt pa yo ak dezi pa yo.
Rosh Hodèch ... reprezante jan yap pote desann yon kule enèji supènatirèl ak espirityèl sou latè monden an.
Asosyasyon renouvèlman an ak mo "Hodèch la" gen anpil enplikasyon enpòtan pou sèvis espirityèl pou chak moun. Moun jwif yo konpare ak Lalin nan, ak "yap konte jounen yo pa yon calandriye Linè" ak "yo destine pou yo renouvle tankou Lalin nan" (Liturji, Kidoush Lavanah; Sanhedrin 42a).
Atravè "Hidoush la", nouvo eleman espirityèl ke sèvis moun Jwif yo ap akonpli nan mond lan, yap reyalize yon nivo nouvo pi wo pase nivo yo te okipe anvan an, nivo sa a ap desann nan mond fizik nan.
Redanpsyon final la pral devwale bagay sa a nan lavni an. Youn ta ka di ke chak Rosh Hodesh nap jwen yon ti etensèl nan enèji Mesyanic la nan chak jwif endividyèlman; etensèl sa a, se sa ki rele ti nivo Yehida, ki li menm ap soti nan gwo nivo Yehida, ki nivo vre Mesi a (Mashia'h) genyen.
Ann Gade Me'or Einayim, Parachat Pinhas. Revelasyon sa a ap akonpli yon Hidoush nan tout egzistans moun nan, ak tout bagay ki konsène l'; Ti nivo Yehida a ap anvayi l '.
Karackè espirityèl Rosh Hodèch la ka pi byen eksplike lè nap konpare kontras li gen ak jou Shabbat la (Samdi a). Chak youn nan de jou sa yo ap eksprime yon mòd nan yon modèl bati sou de baz de-pliye nan sèvis espirityèl nap fè pou Letènèl la, yon modèl kap bati nan twal kreyasyon an tou, lè lap ba ou yon elevasyon ak lè lap pote desann pou ou enèji pwisan an.
Nan jou Rosh Hodèch la, nou pa gen etèdiksyon biblik ki anpèche nou travaye, sa ap reprezante rediksyon enèji espirityèl la kap desann nan mond nan; Nan jou Shabbat la, lè travay yo entèdi, sa ap reprezante elevasyon mond lan ak tè a, lè tout de yo ap vin pi espirityèl.
De mòd sa yo nan modèl sa a tou, gen yon relasyon resipwòk: yon elevasyon kap pote enèji a desann ak trase korespondan li; menm jan tou gen yon pote desann denèji kap bay elevasyon ak trase korespondan li.
Nan jou Shabbat, Lè nap fè elevasyon mond fizik la, ak elevasyon tout nivo domèn espirityèl la, sa kap swiv nan resulta elevasyon sa yo, se yon pote desann plezi espirityèl yo.
Nan jou Rosh Hodèch la, lè nap jwenn yon nivo diven ki pi wo, nan aksyon elevasyon espirityèl la, se fòs lavi supènatirèl sa a kap kreye mond lan menm ke nap jwenn lan.
Sou Jounen Rosh Hodèch la, nati tèt li ap monte nan yon nivo ki pi wo...
Malgre ke Rosh Hodèch se yon fèt diferan li ye, li pa kòm Shabbat, ni nonpli kòm jou Yom Tov. Paske nan jou Rosh Hodèch nap kotinye travay normal nou. Menm si jou Rosh Hodèch la pa vreman konsidere kòm yon jou travay regilye, nou ta dwe kenbe yon idantite separe pou li. Li se aktyèlman nan yon nivo ki pi wo pase yon jou lasemèn òdinè, kidonk yo te konn pote yon sakrifis adisyonèl lè tanp Jerizalèm yo te disponib, yo rele ofrann sa a Mousaf,
Se pou tèt sa ke nou gen yon lapriyè ki koresponn ak Mousaf sa a pou nou ka kontinye jouk jodia .
Se sa ki bannou rezon pou nou di lapriyè Hallel la tou. Nan tèm Kabbalistic, sa vle di ke nap fè Malhout la (wayom nan) desann vin jwenn Midot la (Karaktè nou), ki koresponn ak travay nap fè, lè nap tamize ak lè nap pirifye yon bagay. Sa se yon bagay ki kontrè lè nou kopare l' ak karaktè espirityèl jou Shabbat la, paske nan ka sa a, Malhout (wayom nan) ap monte pou li vin jwenn Sajès la ki rele Hok'hma (Torat Shmuel 5630).
Nan jounen Shabbat la, okontrè, li entèdi pou fè travay, paske nivo espirityèl jou Shabbat la pi wo pase nivo "Nap jwenn nan sis lot jou jou lasemèn nan, lè Bondye te fè tout kreyasyon an." Lè sa a, te gen yon limyè diven ki tap klere ki te pa abiye nan lanati. Lè nou vyole entèdiksyon travay ki gen nan jou Shabbat la, nap fè Bondye kontrakte.
Nan contrast, nan jou Rosh Hodèch la, nati a li menm deja nan yon nivo ki pi wo.
Nan lòt mo, Shabbat la ap reprezante yon mòd ki pi wo pase lanati a; pandan ke sis jou lasemèn nan ap reprezante yon mòd ki an ankò nan lanati a, ak Rosh Hodèch pote sa ki pi wo pase lanati epi lap pèmèt li anvayi lanati a.
Nan jou Shabbat la, mond lan ap egziste dirèkteman nan panse Bondye a: nivo panse a pa kache nan rad lanati a. Se poutèt sa nou pa gen dwa detravay nan jounen Shabbat la, kòm lè nap travay nap fè enèji a desandan nan mond lan ak aksyon fisik nou, pou ke Bondye ka eksprime tèt li nan lapawòl li, Sa se yon limyè kondanse ki abiye bagay ki natirèl yo (Nan nati Travay nou).
Nan jou Rosh Hodèch la, Mirak la ap gaye natirèlman...
Nan Jou Rosh Hodèch la, nati a kreye pa yon fòm ki pi wo nan diskou Bondye a pou ke nati a li menm ka prann yon fòm ki pi wo.
Se poutèt sa nap resite lapriyè Hallel la nan jou Rosh Hodèch la, men pa pandan jou lasemèn yo, ni nonpli nan jou Shabbat la. Vèsè yo ke nou jwenn lè nap resite Hallel la, ap pale sou fason Bondye ap mennen tèt li atravè mirak lap fè yo. Men pandan jou lasemèn nan, Bondye vle nou pote tèt nou dapre bagay ki natirèl ak fisik, pa nan mirak; avek sa nap mete yon veso disponib, yon fason natirèl pou benediksyon Bondye a ka manifeste.
Nou pa gen dwa pou nou konte sou mirak lè bagay yo ap vin jwenn nou natirèlman.
Se poutèt sa Talmud la ap konpare resite Hallel la nan jou lasemèn nan ak yon "madichon oswa yon blasfèm".
Nan yon Shabbat regilye nou pap resite Hallel,
paske nou pa gen dwa detravay. Shabbat se rezilta preparasyon lasemèn nan li ye, lè travay la deja fini, jan sa endike nan ekriti a ki di konsa: "yon moun ki travay anvan Shabbat, li ka manje nan jou Shabbat la." Rosh Hodèch, sepandan, se yon entèmediè ant Shabbat ak jou lasemèn yo li ye. Nap resite Hallel la pou mande Bondye pou l pèmèt enèji espirityèl la vin anvayi travay nou ak enkyetid nou; soti dimanch rive vandredi,
sa se yon inyon kap vin kole bagay fizik yo ak bagay espirityèl yo, ki nan sans li menm tou, li asosye ak mirak.
Nan jou Rosh Hodèch la, se yon koutim nou geyen pou nou resite Hallel la, kontrèman ak resitasyon Hallel nap fè nan fèt Hanouka a ak Fèt Yom Tov yo, lè sa yo, resite Hallel la, se yon komandman li ye. Rezon ki fè ke nan jou Rosh Hodèch la, mirak la ap anvayi aktivite natirèl yo; Men nan jou lasemèn yo, se aktivite travay nou yo kap revele, lè sa a mirak yo ap kache.
Sa se kontrè ak jou fèt Yom Tov yo oswa ak fèt Hanouka a ki asosye ak mirak vizib,
Pou nou ka konprann li pi byen, nap pran pou egzanp viktwa militè a lè kèk ti poye moun yo te vin gayen lagè a sou anpil solda Grèk yo, nan istwa Hanouka a.
Objektif Final la, se Pote Desann Enèji Diven Nan Mond Sa a...
Filozofi Hasidic la ap eksplike ke Rosh Hodèch ak Shabbat gen yon avantaj youn sou lòt.
- Avantaj Shabbat la se ke li pi wo espirityèlman pase nenpòtkèl jou nan semèn nan, ak Se poutèt sa ke travay la entèdi nan jou Shabbat la.
- Men an menm tan, sa pou tèt li, se avantaj Rosh Hodèch la ki sou Shabbat la:
Paske lap bannou dwa pou travaye, ak an menm tan lap pwovoke pwisans diven an ale pi lwen nan mond travay la. Sa a bay yon avantaj pou reyalize objektif nan bati "yon kay isit la pou Bondye."
Nan jou Shabbat la, tan an ak espas yo deja pi elve, paske Shabbat se yon lot mond ki diferan li ye; men objektif final nou geyen sou tè a, se pou nou fè desann enèji diven an nan mond sa a.
Konsèp sa a idantik ak avantaj Pourim kont rès jounen fèt yo.
Malgre ke nan yon pèspektiv gen yon bagay ki manke nan yon mirak abiye nan lanati e Se poutèt sa nou pap resite lapriyè Hallel la nan fèt Pourim nan, men nan yon lòt pèspektiv, gen yon avantaj nan kalite mirak sa a: piske li se yon mirak kache nan lanati li ye, jan lap montre grandè nan enèji diven sa a, menm si li kache lap pénétrer ak anvayi lanati a, se poutèt sa, kè kontan nan fèt Pourim nan, pi gran pase nenpòt lòt fèt.
Diferans ke nou te eksplike a, ant Shabbat ak Rosh Hodèch la, nap aplike l' nan de jou sa yo, jan yo egziste jodi a. Sepandan, nan tan kap vini an, lè Mashia'h rive, Tora a di konsa: "Lè sa a, tout moun ap vin bese tèt devan mwen chak Rosh Hodèch ak chak Shabbat." ( Ezayi 66:23 .)
Sa vle di yon pèlerinaj nan tanp sen an pral egziste, ki asosye ak jou ferye sa yo, lè tanp lan pral disponib pou nou anko; chak Shabat ak Chak Rosh Hodèch. Revelasyon espirityèl Shabbat la ak Rosh Hodèch sa yo pral rive nan yon nivo nouvo ak pi wo.
No comments: