LIDÈCHIP NAN PARACHA YITRO
Koute, O Izrayèl, Letènèl se Bondye nou an li ye, Letènèl se yon sèl Moun li ye. Se pou nou renmen Letènèl, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout fòs nou. E pawòl sa yo mwen kòmande ou jodi a pral nan kè ou.. (Detewonòm 6:5-6)
Paracha semèn sa a pote non yon Kohen, yon prèt ki orijinèlman te pa jwif, men yon moun ki te soti nan Pèp Midyanit yo, Yitro li menm se te moun ki te bòpè Moyz li te ye (Madanm Moyz la, fanm ki rele Zipora a se pitit fi Yitro li te ye);
Nan Paracha sa a, nap jwenn ladann vèsè sa yo ki pi popilè nan Tora a (nan tout Bib la), tout limanite ap rele vèsè sa yo dis "kòmandman". Sepandan, Bondye rele yo dis Ekspresyon oswa dis bagay. Nan dis Komandman yo (nan dis bagay sa yo), nou pap jwenn Komandman ki pi enpotan pase tout komandman yo ki nan tout Bib la. Paske Letènèl bondye nou an pa vle nou kwè ke bib la te gen sèlman dis komandman ladann. A pi fòt rezon, lè Moyz te fin koute dis premye komandman yo, li te blije monte sou mòn nan, e rete sou mòn nan 40 jou pou li te ka aprann tout lòt komandman yo ki nan bib la, gen yon total 613 komandman nan Bib la, e Pami yo nap jwenn Komandman ki pi enpotan an:
Koute, O Izrayèl, Letènèl se Bondye nou an li ye, Letènèl se yon sèl Moun li ye.
Se pou nou renmen Letènèl, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout fòs nou. E pawòl sa yo mwen kòmande ou jodi a pral nan kè ou.. (Detewonòm 6:5-6)
Paradoks aparan sa a fè nou sonje ke Tora a pa sèlman gen entansyon pou li pale sèlman ak Jwif yo, sinon ak tout limanite a. Tradisyon biblik nou an pa poze yon fwontyè byen fèmen nan zafè sajès li a. Jan Saj nou yo di, “Si yo di w gen sajès nan mitan nasyon yo, kwè li. Men, si yo di w gen Tora nan mitan lòt nasyon yo, pa kwè sa, paske menm si Letènèl te vle bay Tora pou tout nasyon yo, se te sèlman Izrayèl ki te vle reseswa l'. Lòt nasyon yo pa te vle resevwa Tora a (Midrash Eikha Raba).
Premye kontribisyon Yitro a te vin konseye Moshe Rabbeinou (Moyz) sou yon nouvo òganizasyon jidisyè nan sosyete a nan lide pou nou te ka kreye yon sistèm ki aplike delegasyon pouvwa a ak jij konpetan pou jije sou pwoblèm espesifik nan mitan moun yo.
Yitro te di bay Moyz konsa:
“Ou dwe reprezante pèp la devan Letènèl epi soumèt diferans yo ba li. Ou dwe anseye moun yo dekrè li yo ak enstriksyon li yo (sa vle di Tora li yo), montre moun yo ki jan yo ta dwe viv ak ki jan yo dwe konpòte tèt yo. Men, chwazi pami moun yo, moun ki gen kapasite nan mitan tout pèp la, moun ki gen krentif pou Bondye, moun ki gen konfyans, moun ki rayi pwofi malonèt, epi ou dwe etabli yo kom lidè, fè yo responsab pou gwoup dè milye moun, lidè santèn, lidè senkant ak lidè dizèn.Mande moun yo pou yo sèvi kòm jij pou tout pèp la tout tan, men mande moun yo pou yo soumèt tout ka difisil yo ba ou; yo ka deside pou tèt yo nan ka senp yo. Kidonk, chay ou a pral pi lejè konsa, paske yo pral pataje chay la avèk ou. (Egzòd 18:19-22)
Moshe byen vit te vin rekonèt enpòtans konsèy sa a ke bòpè l', Yitro te ba li a epi li te aplike l'. Men ki jan lidèchip pa ta dwe janm konprann kòm yon egzèsis solitè ak otokratik nan pouvwa a, men pi plis kòm yon kapasite pou fè soti lidè bò kote w. Se jisteman kont kritè sa a ke nap mzire kalite yon dirijan, nan jan lap kreye disip ki kapab pran plas nan men li.
Lide sa a vin jwenn yon devlopman menm pi fon nan Paracha nou an, gras a deklarasyon dis komandman yo nan dekalòg la, dis deklarasyon diven yo ke nou rele dis komandman an jodia.
Nan vèsè ki anvan deklarasyon dekalòg sa a, Letènèl espesifye objektif li te vle a:
"Nou wè pou tèt nou sa mwen te fè ak peyi Lejip la, ki jan mwen te pote nou sou zèl malfini ak mennen nou vin jwenn mwen. Kounye a, si w obeyi m nèt e si w respekte alyans mwen an, w ap yon posesyon pi presye pou mwen pami tout nasyon yo. Tout planèt tè a se pou mwen li ye, men w ap vin yon wayòm prèt pou mwen ak yon nasyon sen. Egzòd 19:4-6.
Se poutèt sa, bagay sa menm te vin etabli kesyon an pou li fè tout moun pitit Izrayèl yo kòm yon nasyon prèt, "Kohanim" nan lang ebre a. Sepandan, jan Rav Y. Sacks zatsal te obsève, tèm "Kohanim" nan deziyen non sèlman moun ki responsab pou sèvis diven an (prèt yo), men nan fason plis jenerik tou nou dwe konsidere l' kom yon "lidè", yon "prens" oswa menm yon "sèvitè". Kidonk, Tora a vin raple nou ke tout “pitit Izrayèl yo” (Jwif yo) te destine pou yo vin lidè, chak youn nan moun yo tap yon lidè espirityèl.
Se pa yon privilèj Bondye te bay yon sèl moun, oswa yon minorite moun, ki ta gen vokasyon pou dirije frè l' yo epi enpoze otorite l' sou moun yo. Non, Tora a mete aksan sou pouvwa "espirityèl la", se yon bagay pou tout Jwif yo li ye, pou ke tout moun yo ka vin yon limyè nan monn lan.
Vrèmanvre, youn nan pyèj regrètab ke pouvwa ka egzèse sou lèzòm se trè souvan soulaje moun yo de responsablite ki sou tèt tout moun yo. Yap pran desizyon ki responsabilite tout moun yo, epi yap delege l' bay "chèf yo", lè sa a rès sosyete a ap tout senpleman swiv lòd chèf yo. Apwòch sa a se yon bagay ki enposib nan tradisyon Bondye te bay tout moun jwif yo, Bondye nou an ap envite chak youn nan moun yo pou yo demontre pi gwo estanda moral an fas tèt li ak lòt moun yo. Prensip sa a gen de aplikasyon fondamantal. Premye a se ke chak moun se yon mèt potansyèl pou pwochen l ' li ye, jan Maksim Papa yo di l':
"Ki moun ki saj? Li ki aprann nan men chak moun”.
Ak dezyèm aplikasyon se ke "chak moun nan pitit Izrayèl yo ap responsab. Jan nap di nan lang ebre a:
"Kol Izrayèl Arevim ze la-ze". Chak moun nan pitit Izrayèl yo te vin konsidere konsa yon potansyèl "prèt" oswa yon Kohen, oswa yon lidè, yon reprezantan Bondye sou tè a.
Se poutèt sa revelasyon sou mòn Sinayi ki dekri nan Paracha sa a te fè bay tout pèp la ansanm, tout moun yo te tande lè Letènèl tap pale nan zorey yo. Bondye te pa pale nan zorèy yon sèl moun, bagay sa a menm se yon reyalite istorik inik nan listwa limanite li te ye. Prensip sa a tou eksplike absans klèje nan relijyon jwif la. Menm jan Letènèl te pale nan zorèy chak moun, se konsa chak moun gen kapasite pou li pale dirèkteman ak Letènèl, epi pa gen okenn entèmedyè ki nesesè.
Men ki jan Mèt lemonn lan, Krayatè a te raple tout pitit li yo, moun pitit Izrayèl la sou diyite eminent yo te genyen, paske tou moun yo se "pitit" Letènèl yo ye; Tout moun pitit Izrayèl la gen aksè dirèk avek Mèt latè a ak Mèt tout Linivè a. Kidonk, pa t gen dispozisyon pou fonksyon "Wa" anndan pèp jwif la, e se sèlman sou ensistans pèp la, e avèk regrèt, fonksyon sa a ta pral etabli pita.
Kreyatè a te gen yon plan pi gwo pou pitit li yo ki tout gen yon dimansyon wayal anndan yo. Pou mete l 'yon lòt fason, nenpòt renonse nan libète yon moun, nan otonomi yon moun, soumèt li a dekrè abitrè yon lòt moun, se yon echèk nan Tora a li ye. Moun yo rele sèvitè Letènèl, yo pa sèvitè yon lot sèvitè.
Tora a ap egzòte konsa chak moun nan "gwosè", lè yo adrese pawòl Bondye a bay chak moun endividyèlman, epi lè li refize ke lidèchip espirityèl se avantaj sèlman yon minorite li ye. Sa pa vle di, sepandan, jan nou pral wè pita nan epizòd rebelyon Korah a, ke tout otorite espirityèl se yon bagay ilejitim.
"Kéhouna" kòm "prètriz" ap rete toujou yon privilèj pou pitit Aaron yo, e chak moun gen fonksyon espesifik ak yon kote espesifik ke yo dwe respekte. Men, òganizasyon sa a se pa yon limit nan vokasyon espirityèl la nan moun yo, li se, okontrè, yon fondasyon ki nesesè pou kapab deplwaye tout richès li yo ak sèvi Letènèl la nan pi bon fason posib. Bagay sa yo, se yon limit kap libere plis pase tout limit. Yap pèmèt nou vin konprann plas nou genyen nan mond sa a, epi, Se poutèt sa, ke nap ka pi byen apresye enpak nou ka genyen, ak ki jan nou ka sèvi Letènèl nan pi bon fason ki posib.
Kòm nou te wè semèn pase a ak etid nou an sou lidèchip medam yo, se ke nou pa bezwen okipe yon sant sou sèn nan pou nou ka yon lidè kilifye. Istwa a tap souvan ekri nan aksyon desizif fanm ak gason yo kap aji ak diskresyon, men ki kanmenm ap konstitye vre lidè.
Se pou Granmèt la pèmèt nou jwenn plas nou epi sèvi l avèk dimansyon wayal kap rete nan nou chak.
______________________________
Anseyman sa a se yon enspirasyon soti nan Sajès Rabi Louvabitch la.
No comments: