15 de Av 5784

// JavaScript Code
Copyright © 2019 A Ner Yoh |. Theme images by kelvinjay. Powered by Blogger.

Featured Post

Chof Menachem Av

  33 CHOF MENACHEM AV WHICH FAMILY BROUGHT WOOD ON AV 20? 1 The date Av 20 is mentioned only once in the Talmud,2 in tractate Taani...

Popular Posts

Total Pageviews

Powered By Blogger

Search This Blog



SEARCH THIS BLOG

My Blog List

Blogger news

KASHROUT

KABALAH

TAHARA - PURETÉ - PUREZA

» » » » 17 TAMOUZ YON JOU JÈN


17 Tammouz se yon jou jèn ki komemore tonbe Jerizalèm


Pa Rav Shraga Simmons

17 Mwa Tammouz se yon jou jèn ki komemore tonbe Jerizalèm, anvan destriksyon Tanp Sen an. Sa tap vin make tou kòmansman yon peryòd twa semèn dèy nasyonal, ki fini nan jou 9 Mwa Av, ki rele Tisha B'Av.

17 yèm jounen nan Mwa Tammouz la se premye nan kat jou jèn yo ki mansyone nan liv pwofèt yo ki nan Bib la. Objektif jounen jèn sa a, se pou reveye santiman pèt nou pou Tanp ki te detwi a, ak vwayaj jwif ki te vini depwi Moun yo te pati ann egzil la.

Antre tèt nou sou evènman trajik sa yo gen entansyon pou ede nou konkeri defisyans espirityèl ki te lakòz bagay sa yo. Atravè pwosesis "Teshuvah"—entwospeksyon ak angajman pou chanje—nou gen pouvwa pou transfòme trajedi an lajwa. An reyalite, Talmud la ap di ke apre redanmsyon pèp Izrayèl la nan lavni ak rekonstriksyon Tanp lan, jounen jèn sa yo pral dedye ankò kòm jou nan rejwisans ak fèstivite. Paske, jan pwofèt Zakari te di: 17 yèm Tamouz la pral tounen yon jou nan "rejwa pou kay Yehudah a, ak kè kontan ak resepsyon lajwa."


Kisa ki te pase Nan jou sa a?

  • Senk gwo katastwòf ki te fèt nan istwa jwif yo sou 17th nan Tammouz.
  • Moche te kase tablèt yo sou mòn Sinayi an repons a peche ti bèf an lò a.
  • Yo te sispann ofrann chak jou a nan Premye Tanp lan, pandan syèj Jerizalèm nan, apre Kohanim yo pa t kapab jwenn bèt ankò.
  • Mi Jerizalèm yo te kraze, anvan destriksyon Dezyèm Tanp lan nan ane 70 epòk nou an.
  • Anvan Gran Revòlt la, jeneral Romen an ki te rele Apostamòs te boule yon woulo Tora, sa ki te kreye yon presedan pou boule liv jwif yo pandan plizyè syèk.
  • Yo te mete yon imaj idolatri nan Tanp Sen an, yon zak blasfèm ak profanasyon.

(Orijinèlman, jèn yo te obsève sou nevyèm Tammouz la, paske se te jou Jerizalèm te tonbe anvan destriksyon Premye Tanp lan nan ane 583 anvan epòk nou an. Sepandan, apre tonbe Jerizalèm nan 17 Tammouz la - anvan destriksyon nan Dezyèm Tanp lan—mesye saj yo te deside sou yon obsèvasyon konbine de trajedi yo, ki te fikse pou 17yèm Tammouz la).

Ki jan nou obsève 17 Tammouz la?


  • Lwa ak koutim nan
  • Nou pap manje e nou pap bwè soti nan douvanjou jiska solèy kouche.
  • Fanm ansent yo ak tout fanm k ap bay tete — ak lòt moun malad yo — yo pap fè jèn yo.
  • Si jou a tonbe sou Saba a, yo ranvwaye jèn nan jiska Dimanch.
  • Benyen, wen ak mete soulye kwi yo pèmèt.
  • Fraz "Aneinou" an dwe ajoute nan Lapriyè Amidah nan Shacharit ak nan  Minkha. Endividyèlman li ajoute sèlman nan Minkha.
  • Nap resite Selikhot ak Avinou Malkeinou.
  • Nan lapriyè maten ak apremidi, nap li Egzòd 32:11, kote yo mansyone "Trèz Atribi Mizèrikòd yo".
  • Pou Haftarah nan lapriyè Minkha a nap li Ezayi 55:6 - 56:8, kote yo diskite sou renouvèlman sèvis tanp lan.







«
Next
Newer Post
»
Previous
Older Post

No comments:

Leave a Reply