15 de Av 5784

// JavaScript Code
Copyright © 2019 A Ner Yoh |. Theme images by kelvinjay. Powered by Blogger.

Featured Post

Chof Menachem Av

  33 CHOF MENACHEM AV WHICH FAMILY BROUGHT WOOD ON AV 20? 1 The date Av 20 is mentioned only once in the Talmud,2 in tractate Taani...

Popular Posts

Total Pageviews

Powered By Blogger

Search This Blog



SEARCH THIS BLOG

My Blog List

Blogger news

KASHROUT

KABALAH

TAHARA - PURETÉ - PUREZA

» » » » » » JOUNEN JÈN TISHA BE'AV LA


Tisha B'Av 2024: 12-13 Out

Jèn Tisha B'av la an 2024  (Nevyèm jounen Mwa Av la) ap kòmanse nan solèy kouche 12 Out 2024, epi lap fini nan aswè 13 Out 2024 la.

תִּשְׁעָה בְּאָב

JOUNEN JÈN TISHA B'AV LA


Tisha B'Av, 9yèm jou nan mwa Av, se yon jou ki pi tris nan kalandriye jwif la, kote nou jene, kote nap prive tèt nou epi nap priye. Se yon akimilasyon Twa Semèn yo tris nou an, yon peryòd tan pandan lekel nou make destriksyon Tanp Sen nou an nan Jerizalèm.

Toulede Tanp Sen yo nan Jerizalèm te detwi nan dat sa a, se sa ki te deklannche yon peryòd soufrans pou nasyon nou an, bagay sa pa t janm refè nèt.

TWA SEMÈN DÈY YO

 
"Twa Semèn sa yo" ki tonbe ant jou jèn 17 Tamouz la ak  jou jèn Tisha B'Av la te istorikman jou malè ak kalamite pou pèp jwif la, nan jounen ki nan twa semèn sa yo, se moman lè jwenn Bondye pi lwen pèp li a.

Nan 17 Tamouz la, Moyiz te kraze tablèt lwa yo apre peche ti bèf an lò a, nan menm dat sa tou Women yo te kraze miray lavil Jerizalèm lan, se yon dat ki ladan l pami lòt trajedi nasyon te soufri nan istwa a. 

9yèm jou nan Av la, moun yo ki te soti nan Egzòd Lejip la te kriye kòm yon rezilta nan rapò negatif espyon yo te ba yo, nan menm dat sa tou tou de tanp Jerizalem yo te detwi, tout sa pami lòt trajedi ki rive toutolong istwa jwif la .

Nap obsève plizyè aspè dèy nou an pandan tan sa a, tankou bagay kòm:  nou pap selebre maryaj nan jou sa yo, nou pap koupe cheve nou ak lot bagay tou. Dey la ap vin pi entans lè li vin pi pre dat Tisha B'Av la.

KEL RESTRIKSYON NAP OBSÈVE NAN JÈN TISHA B'AV LA?


Restriksyon nou obsève nan Jèn Tisha B'Av la yap sanble ak Restriksyon yo nan Jèn Yom Kippur lan: 

  • Nap evite manje ak bwè (menm dlo); nou pap lave,  nou pap benyen, nou pap kale tèt nou, nou pap mete pwodui kosmetik; nou pap mete soulye an kwi; nou pap angaje nan relasyon seksyèl; epi nou pap etidye Tora. 

  • Gen restriksyon nan travay tou, nan sans òdinè tankou Shabat. 
  • Moun ki malad yo pa bezwen jène nan jou sa a. 
  • Nap obsève tou anpil nan pratik lapenn tradisyonèl yo: Lè moun yo tap evite souri, ri ak pale konvèsasyon banal, san fè anyen konsa, epi nap chita sou yon tabourè ki ba.
  • Nan sinagòg yo, nap li liv Lamantasyon an epi nap resite priyè pou jounen dèy yo. Bwat Kontra Letènèl la (kabinè kote Tora a kenbe) Nap anvlope an nwa.

Tisha B'Av pa janm obsève sou Shabbat. Si jounen 9 Av la tonbe yon Samdi, nap ranvwaye jèn nan jiska 10 Av.

Soti nan Tisha B'Av rive nan fèt Rosh Ha'Shanah, nap jwenn sèt semèn, lekti Haftarah (Pwofèt yo) pou chak semèn sa yo, se lekti konsolasyon yo ye, olye lekti normal ki koresponn ak pòsyon Tora chak semèn nan ane a.


Lis Dat Yo Pou Tisha Be'Av

Tisha Be'Av ap tonbe nan jou sa yo nan kalandriye eksklizyon an:


Ane jwif 5784: solèy kouche 12 out 2024 - lannwit tonbe 13 out 2024
Ane jwif 5785: solèy kouche 2 out 2025 - lannwit tonbe 3 out 2025
Ane jwif 5786: solèy kouche 22 jiyè 2026 - lannwit tonbe 23 jiyè 2026
Ane jwif 5787: solèy kouche 11 out 2027 - lannwit tonbe 12 out 2027
Ane jwif 5788: solèy kouche 31 jiyè 2028 - lannwit 1ye out 2028.



«
Next
Newer Post
»
Previous
Older Post

No comments:

Leave a Reply